Pozisyon fanm angaje, asosyasyon fanm ak òganisasyon feminis nan okazyon Jounen nasyonal mouvman fanm peyi Dayiti, 3 avril 2023.
Peyi a ap trepase, dirijan, dirijant nan Leta pran responsabiite n oubyen lage pye n
Nou menm fanm angaje, òganizasyon fanm ak feminis ki mete non nou anba nòt sa a, nou vle atire atansyon Leta, tout aktè, aktris, sitou sila yo ki gen pouvwa desizyon, sou sa k ap pase la depi twa (3) lane anviron, kote peyi a ap plonje desann tèt anba nan yon gwo twou san fon. Nòt sa a lonje dwèt sou plizyè figi kriz la genyen, sitou nan zafè sèks, ekonomik ak sekirite. Nou kwè li pa ko janm twò ta pou nou kanpe emoraji sa a kap detwi diyite tout yon pèp, men sitou fanm ak tifi nan popilasyon an.
Plizyè rapò sou dwa moun montre aklè se jèn gason ki alatèt gang yo! Viktim yo, bò kote pa yo, pa gen okenn sèks. Fanm kou gason viktim anba vòl, vyòl, kidnapin, asasina, elatriye. Anplis de sa yo, genyen kèk zak vyolans, tankou vyolans seksyèl pa egzanp, ki touche sitou medam yo.
Nan katye kote gang yo kontwole, fanm ak ti fi yo pa gen dwa refize avans seksyèl chèf bandi yo, osnon yo riske pèdi lavi yo. Kò fanm yo tounen yon zouti pou bandi kriminèl etabli pouvwa dominasyon yo sou tout yon popilasyon epi kontwole rezistans moun yo kont jan sitiyasyon an ap dejenere a.
Afrontman nan katye polilè yo, atak kay moun nan tout kwen Pòtoprens ak vil provens provoke anpil deplasman, fanm yo se premye viktim paske se yo kap kouri ak pitit sou bwa yo pou al dòmi nan lari.
Fanm kap vann nan mache, “Madan Sara” kap pote manje lavil malgre gang yo fèmen pifò wout nasyonal yo, ap viktim chak jou vyòl, epi vòl tout sa yo posede, sa ki lage yo nan povrete nèt.
Lòt vyolans fanm yo sibi se nan koze fè paspò a, kote raketè, an konplisite ak kèk ajan nan menm Leta a, non sèlman monte pri paspò a disèt otè, men oblije kèk medam kouche avèk yo pou yo jwenn dokiman an.
Avan tout lòt bagay, zak vyolans sou fanm ak tifi se yon diskriminasyon. Se yon gwo lawonte pou Leta Ayisyen kap pran taks popilasyon an ap peye e ki pa fè anyen di tou pou soulaje soufrans li. Nan yon kontèks kote pa gen ni sèvis ni repons pou garanti dwa seksyèl ak sante repwodiktif medam yo, fanm ak ti fi ki viktim vyolans sa yo ekspoze ak gwo ris tankou: gwosès, maladi yo pran nan fè bagay, pèdi estim yo, swisid, pou nou site sa yo sèlman. Nan kondisyon sa yo, moun ki plis viktim yo se fanm ansent, fanm kap bay tete, fanm andikape, granmoun fanm, tifi di ki gen timoun, fanm selibatè ki gen timoun, fanm nan sektè enfòmèl la sitou “Madan Sara” ak timoun san pwoteksyon fanmi.
Youn nan konsekans kalite vyolans sa yo, se retire nan diyite moun sila ki viktim yo epi teworize tout rès popilasyon an. Lòt konsekans sitiyasyon sa a genyen, se ogmantasyon ak banalizasyon pwostitisyon, pedofili, eksplwatasyon ak abi seksyèl, elatriye. Lòt aspè nan sityasyon an se konsekans sou koze ledikasyon an kote ti fi tankou ti gason paka al lekòl pou yo resevwa pen enstriksyon. Anpil lekòl oblije fèmen pòt yo akòz menas bandi ak kidnapin sou pwofesè, paran ak elèv, alòske ledikasyon se pi gwo lespwa yon sosyete.
Nap raple, Ayiti ratifye pifò konvansyon ki genyen sou dwa moun, pami yo Konvansyon entènasyonal pou elimine tout kalte diskriminasyon sou fanm ak tifi ak Konvansyon pou konbat tout kalte vyolans kap fèt sou fanm ak tifi. Zak vyolans sa yo se klèman yon vyolasyon tout konvansyon sa yo !
Sa nap viv jodi a se pa yon aza, se rezilta movèz gouvènans nan tèt Leta a ak yon pakèt inegalite sosyal ak enjistis ki egziste depi lontan e ki touche sitou kategori moun ki nan sitiyasyon ki pi frajil yo.
Malgre kalamite sa yo, malgre pasaj nan dezè sa, li pa twò ta ! Nou kapab korije sitiyasyon an e chanje lavni nou si nou mete men epi kole tèt nou ansanm. Men fòk nou leve pye nou paske pi ta ka pi tris.
Se poutèt sa, nou menm òganizasyon fanm ak feminis ki mete non nou anba nòt sa a, nou leve vwa nou byen wo pou egzije Leta :
- Mennen prese prese yon ankèt nasyonal sou tout vyolasyon dwa moun an patikilye dwa fanm nan peyi a ki genyen ladan l tou sa ki fèt ak konplisite ak Leta sitou nan kesyon paspò yo ;
- Retabli sekirite piblik nan peyi a pou pèmèt popilasyon ki deplase yo tounen lakay yo ;
- Debloke tout wout nan peyi a epi mete sekirite pou fasilite sikilasyon moun fèt nòmalman, an tout libète ;
4)Bay tout popilasyon an, patikilyeman fanm viktim yo aksè ak sèvis yo bezwen (sante, apwi sikolojik, edikasyon, mwayen ekonomik, lajistis, elatriye) ;
5) Fè ouvèti pou jwenn yon antant avèk lòt gwoup òganize ki nan politik, sosyete sivil, sektè biznis lan pou pèmèt nou sòti nan kriz gouvènans la;
6)Monte yon komsiyon ankèt pou konprann nivo enplikasyon gwo zotobre ayisyen ki nan lis sanksyon kèk peyi etranje pran kont yo akoz yo ka enplike nan konplo ak gang pou kraze peyi a, epi pran mezi ki nesesè selon rezilta ankèt sa.
Leta, si nou toujou kontinye avèk atitid manfouben sa a, se swa nou pa nan plas nou, swa nou pa genyen kapasite oswa nou konplis. Nan ka sa, nou ta dwe gen yon ti kras konsyans patriotik retire kò nou pou bay moun ki genyen volonte ak kapasite mennen bak peyi a.
Nan lespri 3 avril 1986, nou ankouraje tout òganizasyon fanm ak feminis fè yon sèl epi chita ansanm pou ekri yon pwopozisyon klè ki ranmase revandikasyon tout moun pou ede sòti peyi a nan tèt chaje sa a. Jodi a, plis pase nenpòt ki lòt moman, peyi a bezwen fanm yo pou ede konstwi yon lòt fòm sosyete ki chita sou respè dwa fanm ak gason, ki ofri menm opòtinite ak tout sitwayen ak sitwayèn kèlkeswa klas sosyal yo, mwayen ekonomik yo, zòn kote yap viv, nivo edikasyon yo, sitiyasyon fizik yo, laj yo elatriye.
An n mete tèt nou ansanm epi travay pou nou bati yon sosyete ki pi bon, pi jis, pi egalitè e ki kapab konstwi yon meyè avni pou tout sitwayèn ak sitwayen ! Pou otantifye nòt la
CUREF (Collectif Universitaire pour la recherche et l’émancipation des femmes) :
_________ _____________
Coordonnatrice, Kenise Phanord Secrétaire Générale, Ketleine Charles
Lis fanm ak òganizasyon ki siyen nòt sa :
Association des Femmes de Gros Morne (AFAGM), Nalda Odeus
Asosyasyon fanm Karenaj (AFAK), Marie Moneus
Asosyon fanm pou devlopman Ansavo Nip (AFADAN), Lisette Jn Pierre
Association des Femmes pour l’Avancement et le Progrès de Bois Neuf (AFAPROB), Maridieu Innocent
Asosyasyon fanm solèy Dayiti (AFASDA), Elvire Eugene
Association des femmes actifs de Trou du Nord (AFAT), Gladise Firmin
Asosyasyon fanm Devue Zetwa (AFDEZ), Mirlande Delisna
Asosyasyon fanm Fondelyann (AFF), Elise Laurore
Asosyasyon fanm vanyan 4e seksyon Miragwan (OFV4M)
Asosaysyon fanm komesan medizan (AFKM), Yvronise Bazille
Asosyasyon fanm Plezans (AFP), Verlande Fabien
Association des femmes actifs Monbin Crochu (AFAMC), Silvanie Bureau
Association des femmes de Ouanaminthe (AFO), Nerline Monpremier
Asosyasyon fanm vanyan Flip (AFVF), Midelaine Saintilma
Asosyasyon fanm Vanyan Peleren (AFVP), Jasmin Delaie
Association des jeunes entrepreneures de Ti Charite, Pierre Angeline
Asosyasyon fanm Kapotiy (AFK), Madou Adrien
Asosyasyon fanm vanyan pou chanjman de Bwa Marmelade (AFVPDM), Nergelie Marcien
Association des jeunes actifs pour le développement de Baja (AJADB), Thesuma Androit
Asosyasyon fanm aktiv Nip (AFKNIP), Mirlande Cenat
Action volontaire nouvelle identité de la femme (AVNIF), Guirlene Ocvil
Centre d’encadrement des filles adolescentes (CEFA), Maritane Noel
Coordination de groupement des femmes pour le développement de Grande Savanne (CFGRADS), Premilia Meraüs
Coordination des femmes pour l’épanouissement de Petit Trou de Nippes (COEFEPTN), Cherline Veuillard
Coordination de groupement des femmes pour le développement d’Aranud (CFGRADA), Elourdes Syphraus
Coordination des Femmes organisées commune Aquin (COFOCA)
Coordination pour le développement et l’intégration des femmes (CODIF), Nadie Jean Aubord
Collectif des femmes de l’Artibonite (COFA), Patricia Cassamajor
Collectif des femmes avisées d’Haïti pour le développement des initiatives économiques (COFAHDIE), Juliette Mondestin
Engagement des femmes et des filles pour l’environnement et le développement (EFED), Marie Sheyla Durandisse
Entr’elles, Stecie Guerrier
Èspwa Nòdès (ENE), Enice Monpremier
Organisation des femmes pour le développement de la commune des Verettes (FADECOV), Anette Genat
Fanm vanyan Lepal (FAVAL), Madeleine Figaro
Fanm Lyankou an Blók (FLAB), Renette Mésidort
Collectif féminin haïtien pour la participation politique des femmes, Fanm yo la, Lisa François
Òganizasyon fanm Peyan Dufou (FDP), Tamitha Bruneau
Femmes en action pour le développement du Centre (FADAC), Nadège Macena
Fanm an aksyon Gotye (FAG), Solange Altirin
Fédération des Femmes du Bas Artibonite (FEFBA), Gerda Bien Aimé
Fédération des femmes organisées du Nord (FEFONORD), Anise Thémène
Femmes en évolution (FEV), Jessy Kénol Saint Marc
Fanm tèt kole (FTK), Marie-Rose Jean
Fanm lidè Debaryè Lagon (FLDL), Marjorie Charles
Gwoup fanm kap travay pou avansman Vido (GFKTAV), Premise Timeau
Inisyativ fanm lakay (INIFAL), Marilyn Christine Fenelon
Ligue haitienne d’actions sociales (LHAS), Zola Lamothe
Kòdinasyon fanm pou devlopman Limonad, KOFADE, Estrella Pierre
Marie Isnise Romelus, Miliant feminis
Martine Irgie Dorcellus, militant feminis
Media Elle, Dieula Jean Louis
Mouvement des Femmes de Terre Sonné (MFTS), Louisina Valérie
Mouvman fanm Brinèt (MFB), Jean Ketie
Mouvman fanm byenfè Pèch (MFBP), Émilia Bélizaire
Mouvman Fanm Jasma Potno (MFJASMAP), Dutreuil Ismonise
Mouvman Fanm Progresis Dolan (MFPD), Venise Michel
Mouvman fanm Nip Baradè (MFNB), Mimose Delsy
Mouvman fanm vanyan Lamin (MFVL), Natacha Sainbert
Mouvement des femmes pour le développement de la Grand-Anse (MOFEDGA), Rose-Laure Aubord
Mouvman fanm volontè ak aksyon (MOFVA), Lucette Colin Casimir
Mouvman fanm peyizan Mengo (MPFM), Marie-Lourdes Charles
Milor Dexai, pwofesè nan fakilte Etnoloji
Organisation des Femmes Actives pour le Développement de St Marc (OFACDES), Fédna Laurent
Organisation des femmes pour l’Avancement de Dessalines (OFAD), Anilus Cleriméne Casseus
Organisation des Femmes Actives des Gonaïves (OFAG) Guerline Innocent
Òganizasyon fanm Kalvè Senterez, OFAKS, André Sildane,
Òganizasyon fanm Lakay (OFALAK), Florcie Monéro
Oganizasyon Fanm Peyizan Gwo Mòn (OFAPGM), André Edeline Anicile
Òganizasyon fanm pou lavni Ayiti (OFANLA), Kerlyne Blanc
Òganizasyon fanm Peyan Lazil(OFAPA), Marnoline Dessources
Òganizasyon fanm Bas du Fort/ Miragwan (OFASBAF), Orline Leger
Òganizasyon fanm Bwapou (OFB), Anikita Jean
Òganizasyon Fanm Charrette (OFC), Charline Norelus
Organisation des Fermmes pour le Development de l’Artibonite du Bedou (OFDAD), Roseline Limage
Organisation des femmes Decidee Raymond Petit Trou de Nippes (OFEDERPTIN), Dupont Joseph
Organisation des Femmes de la 4ème Section de Dessalines (OFD4SD), Evena Corisma
Organisation des femmes pour le développement social de Fort-Liberté (OFFDES), Adeline Menelus
Òganizasyon Fanm Kopere Verèt (OFHKOV), Juanita Exantus
Organisation des Femmes Intégrées pour le Progrès de Dessalines (OFID), Elmitha Cadet
Òganizasyon Fanm Koud Marmelade (OFKM), Marie Betie Deschamps
Organisation des Femmes pour l’Avancement de la Commune de Dessalines (OFLCD), Dasima Eliamene
Oganizasyon Fanm Platon (OFP), Jean Maitre Myrtha
Organisation de femmes de Petite Rivière de Quetant (OFPQ), Marie Yolaine Accolonne
Organisation des femmes pour le développement de la commune d’Arnaud Nippes (OFEDCANIPPES), Beatrice Jn Louis
Organisation des femmes Solidaires de l’Artibonite (OFSA)
Organisation des femmes Solidaires de Trou Sable (OFST)
Òganizasyon fanm vanyan pou devlopman Kafou Lendi (OFVDKL), Marie Marthe Plessimond
Òganizasyon fanm Vanyan de Tè Nèv (OFVTN), Wilméne Jean Jacques
Òganizasyon fanm Ri Mas (OFVR), Guerline Thomas
Organisation pour le Renforcement des Femmes Baissé-levées Verrettes (OREFEBV), Lucienne Cyrius Lessage
Organisation Sociale pour Sauver l’Artibonite (OSSA)
Òganizasyon tèt ansanm pou devlopman Plezans Nip (OTDPN), Maleine Alcima
Platfòm fanm solèy klere (PLAFASOK), Wilnie Saintil
Plateforme des Organisations de Femmes pour le Developpement de l’Artibonite (PLAFODA), Louisette Vertilus
Plateforme des organisations de femmes pour l’avancement du Centre (POFAC), Marseille Lundad
Plateforme des Organisations des Femmes de Gros Morne (POFCGM), Saintanise Jean
Plateforme des organisations de femmes haïtiennes pour le développement (POFHAD), Eunide Innocent
Plateforme des Organisations de Femmes pour l’Avancement de la Commune de Marmelade (PROFACOM), Helene Saint-Jules
Rasableman Fanm Lenbe (RAFAL), Adeline Charlot
Rassemblement des Femmes pour le Développement de Terre Neuve (RAFEDET), Marie Noel
Regroupement des femmes actives pour le développement de Trou du Nord (REFADET), Magalie Geffrad
Rezo fanm aktif Kapotiy (REFAK), Wideline Caméus
Rezo fanm Nip (REFANIP), Lila Zephirin
Regroupement national des femmes candidates (RENAFECA), Wislaine Dorcelus
Rassemblement des filles d’Anacaona, Lovelie Pierre
Rassemblement femmes engagées Ouanaminthe (RFEO), Roselene Pierre
Rasanbleman fanm Vosye (RFV), Guerline Pierre
Rasanbleman fanm vanyan Basfò (RFVB), Bensie Marseille
Réseaux des organisations de femmes de Petit-Goave (RESOFPEG), Myriam Jean
Regroupement des jeunes pour le développement de Madeline, Pierre Darline
Solidarité fanm Kapotiy (SFK), Nicole Pierre
Union pour le développement et le respect des femmes haïtiennes (UDREF), Nancy Dessejour Policier
Union des femmes Nippes (UFENI), Sofia Lumène
Zèklè Gwoup Fanm, Francinette Croissy