RENAFECA ( Regroupement National des Femmes Candidates) profite jounen 8 mas la ki se jounen intènasyonal dwa fanm yo pou Di chak grenn lidè fanm vanyan yo bon konba nan lit la , paske nou chak nan fason pa nou kontribiye pou ka on lot chanjman nan lit la , men nou wè to vyolans lan pa jam sispan monte.

Nap poze tèt nou yon kesyon :
Eske nou pa travay ase pou chanjman an ?

Eske nou manke fè sansibilizasyon ?
Eske nou pa touche moun ki konsène yo?

Eske tou metòd nou ap itilize pou redui to vyolans lan yo pa bon ?

Si wi ki pi bon metòd nou dwe itilize pou vrè chanjman an ?

Wi nap goumen lontan pou dwa nou sispan bafoue,
Paske se nou menm ki bay lavi san nou pa gen lavi .se pou nou mete tet nou ansanm pou n gounen pou nou voye medam nan yo Al reprezante nou nan post desizyonèl yo ,kote pou dwa nou kapab respèkte nan tout integralite Paske yo pase diyite nou anba pye .

Yo fè vyolans sou nou sou tout fòm .

Menm Leta peyi nou fè vyolans sou nou .

RENAFECA mande pou tout fanm mete tet nou ansanm pou nou soti nan sa nou ye la .

Bon konba tout ak fanm kelke soi ran sosyal ou , fok batay la kontinye,
Randevou jiska la victoire finale.

 

Me Dorcelus Wiselaine Prezidant RENAFECA