Warning: A non-numeric value encountered in /home/haitipol/public_html/wp-content/themes/Divi/functions.php on line 5605

Originally: MESAJ POU PÈP BONDYE A

Jou madi 12 janvye 2010 la, nan zòn 5è laprèmidi, yon tranblemann tè fòfyèl demantibile Pòtoprens, pase pran Kalfou, Gresye, Leyogann, Grangwav ak Tigwav, san l pa bliye Jakmèl. Katastwòf natirèl san manman sa a pote ale 200.000 kretyen vivan, blese 250.000 lòt, epi lage nan lari de bra pandye 2 mlyon lèzòt ki jounen jodi a pa wè ni devan ni dèyè. Devan trajedi sa a, mwen wete chapo m byen ba pou m salye memwa viktim yo, prezante kondoleyans mwen bay fanmi ak zanmi yo, san m pa bliye manifeste solidarite m ak sa k ap soufri yo epi k ap pase yon move momen kounye a.


 


Pandan pèp ayisyen nan detrès li, anpil move sije pa pè pa krenn di se yon pak nou siyen ak Ledyab ki fè malè sèk sa a rive peyi a. N ap di atoufè sa yo Ayiti se yon peyi tankou tout lòt peyi e Bondye renmen l menm jan ak yo. Lasyans ak lateknik explike byen orijin katastwòf natirèl tankou sa k sòt frape peyi nou an e yo di tou ki pwekosyon nou kab pran pou limite dega yo. Men lè pa gen Leta nan yon peyi, lè dirijan yo pa kwè nan lasyans ak lateknik, lè yo chwazi popilis ak anachi kòm metòd pou yo gouvène, lè yo pa bay edikasyon ak pwoteksyon anvironnman regle anyen pou yo, lè yo pa pran desantralizasyon ak dekonsantrasyon o serye, lè yo pa kite okenn espas pouvwa pou KAZÈK ak Konsèy Minisipal yo, lè Pòtoprens frape, se tout peyi a ki anfale.


 


Nou regrèt anpil Responsabs peyi a, 2 zè apre trajedi a, pat kanpe sou pelouz Palè Nasyonal la pou voye yon mesaj bay Nansyon an, pou fè wè gravite sitiyasyon an, dekrete Leta dijans, mete sou pye yon selil de kriz, rekizisyone tout ponp gazolin ak mwayen transpò pou pèmèt popilasyon an kite Pòtoprens nan lòd ak ladisiplin, lanse yon demann solidarite nasyonal ak entènasyonal ak viktim yo. Men kòm kalamite a deja fin frape nou, ann gade devan, san n pa bliye viktim yo.


 


Moman an rive pou nou menm elit politik, ekonomik ak entelektyèl peyi a nou di : se fòt nou, se fòt nou, se fòt majè nou. Mwen mande Bondye Gran Mèt la pou ba nou fòs ak kouray, pou nou rive fini ak chen manje chen, batay pou pouvwa ki se vanite, kaba ak zafè divizyon moun rich/moun pòv,   Nèg nan mòn/Nèg lavil, Nwa/Milat, entelektyèl/analfabèt, dwat/goch, mwen se pitit gwo zotobre mwen pa kanmarad ou. Mwen mande Pè Letènèl ba nou fòs ak kouray pou nou rive fini ak bagay sa yo ki anpeche nou konstwi ansanm yon peyi pou nou tout, paske nan fos komin yo otorite yo jete kadav tout kalte Ayisyen. Kidonk se menm nou ye, nou tout se pitit yon sèl peyi e malè pandye kab pote nou tout ale lè nou pa atann.


 


Nan sans sa a, mwen mare sosis mwen ak yon bann patriyòt anndan peyi a kou lòt bòt dlo pou nou panse Leta, panse devlopman ak kouman pou nou rive viv ansanm, san pèsonn nan nou pa kandida pou okenn pòs. Nan jou k ap vini yo, n ap gen pou prezante Nansyon an yon PLAN ESTRATEJIK POU RIVE SOVE PEYI A. Mwen mande Bondye Gran Mèt la pou ede nou tout ansanm reyalize objektif majè sa a pou zòt rive konprann Ayiti pa gen anyen pou l wè ak madichon ni pichon.


 


Nou menm ki nan soufrans, nou menm k ap pase yon move moman, nou menm k ap viv yon sitiyasyon fòfyèl, pran kè, pa dekouraje. Lè nou wè li fè nwa pi plis, nou mèt konnen bajou pral kase, chimen delivrans la deja trase, paske Gran Mèt la ak nou e l ap kontinye gide pa nou !


 


Frè m ak sè m yo, lavi nou deja nan men Bondye, kidonk rès la nan men nou� Se frè nou Rudolph Henri Boulos ki t ap fè ti pale sa a ak nou.


Kimbe red, pa lage, Nap Entre Triomphalement Jerusalem reconstruite.