Originally: Aristidiens VS Lavalassiens: Le linge sale ne se lave plus en famille
Encore une note de presse de Fanmi Lavalas
Haïti Info (site lavalas) déplore profondément ce qui se passe au sein de Fanmi Lavalas actuellement. Ne sachant pas qui parle effectivement au nom de Fanmi Lavalas, il informe les visiteurs du site et du Forum Lavalas.org, que le fait de publier des notes de presse émanant de l?un ou de l?autre des différents secteurs de Fanmi Lavalas ne garantit nullement ni l?authenticité
ni l?officialité des dits documents.
Après des extraits de la dernière note de Jonas Petit, voici ceux de la « Nòt pou laprès # 24 » de Fanmi Lavalas daté du 9 Dawout 2005, publiée sous le parapluie de la Commission de Communication. La note est revêtue de la signature de 3 personnes:
Mèt Angelot Bell , Mesye Mario Dupuy ,Doktè Maryse Narcisse.
Le communiqué peut être consulté dans son intégralité sur le site « officiel » de Fanmi Lavalas, hayti.net
« 1) Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas denonse epi kondane ak tout fòs li konpotman Senatè Feuille ak Gilles ak Depite Heriveau ki pa gen yen ni otorite ni manda pou pran desizyon enskri Oganizasyon an pou li patisipe nan eleksyon. Tantativ demagojik pou enskri Oganizasyon an nan maskarad sa yo vle rele eleksyon pap pase.
2) Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas pwal pran mezi legal ak disiplinè ki nesesè nan ka sa.
Kom Pèp-la di li pa vle antre nan lojik eleksyon pikekole gouvènman defakto-a, Fanmi Lavalas ap mande pèp lan, manm òganizasyon an pou yo pa ale kanpe nan liy pou fè kat elektoral malachonn pou yo pa asasine-yo pi rèd pase fason sa ap fèt nan Solino, Bèlè, Site Soley, Gran Ravin, Lasalin, Baryèboutèy ?elatriye. Pèp-la pap pote mimi bay makou, pou zòt fè ladènyè sou li. Sonje 29 Novanm 87 nan Riyel Vayan, sonje 11 septann 88 nan Sen Jan Bosco. Sonje?Bay kou bliye, pote mak sonje. ??
Fanmi Lavalas mande pou pèp lan kontinye pi rèd, pi djanm, nan ranfòse mobilizasyon ak rezistans pasifik san pran souf jouk lòd konstitisyonel la tounen, jouk nou remonte drapo diyite pèp-lan.
Nan bon jan mobilizasyon ak resistans pasifik delivrans lan ap rive pi vit. DELIVRANS AK MOBILIZASYON PASIFIK SE SENKANT KOB AK DE GOUDEN .
Komisyon Kominikasyon Fanmi Lavalas
Mèt Angelot Bell , Mesye Mario Dupuy, Doktè Maryse Narcisse
Texte integral
Nòt pou laprès # 24
Fanmi Lavalas
Nòt pou laprès
9 Dawout 2005
fanmilavalas@yahoo.com
Lè nou konsidere Atik 29 Manman Lwa Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas lan, ki di: ?Se Reprezantan nasyonal la ki gen pouvwa pou l dirije Oganizasyon Fanmi Lavalas epi ki dwe veye pou tout bagay mache byen. Li responsab tout aktivite Oganizasyon an. Li la pou li defann dwa Oganizasyon an tout kote, fè yo konnen enpòtans travay Oganizasyon ap fè a epi li fè tout lòt travay manman lwa a mande. Pou kounyè a, se Prezidan Jean-Bertrand Aristide yo vote kòm Reprezantan nasyonal?;
Lè nou konsidere deklarasyon Reprezantan Nasyonal Fanmi Lavalas la, Prezidan Jean-Bertrand Aristide te fè nan dat 19 avril 2005 kote li di pa ka gen yen eleksyon lib, onèt, demokratik ak tout manm Fanmi Lavalas ki nan prison, an ekzil epitou nan mawon;
Lè nou konsidere Rezolisyon 14 Me an kote reprezantan Fanmi Lavalas ki soti toupatou te adopte yon pozisyon aklè sou zafè eleksyon;
Lè nou konsidere nòt pou laprès pòtpawòl Prezidan Repiblik lan, nan dat 28 jiyè 2005 kote li denonse menti sèten sektè ki di yo an konsètasyon ak Prezidan an sou zafè eleksyon;
Lè nou konsidere nòt pou laprès reprezantan ai Fanmi Lavalas nan dat 4 dawout 2005 kote li di tout moun alawon badè, yon lòt fwa ankò, Fanmi Lavalas pap patisipe ni li pa voye pèson patisipe nan maskarad eleksyon rejim koudeta 29 fevriye 2004;
1) Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas denonse epi kondane ak tout fòs li konpotman Senatè Feuille ak Gilles ak Depite Heriveau ki pa gen yen ni otorite ni manda pou pran desizyon enskri Oganizasyon an pou li patisipe nan eleksyon. Tantativ demagojik pou enskri Oganizasyon an nan maskarad sa yo vle rele eleksyon pap pase.
2) Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas pwal pran mezi legal ak disiplinè ki nesesè nan ka sa.
Kom Pèp-la di li pa vle antre nan lojik eleksyon pikekole gouvènman defakto-a, Fanmi Lavalas ap mande pèp lan, manm òganizasyon an pou yo pa ale kanpe nan liy pou fè kat elektoral malachonn pou yo pa asasine-yo pi rèd pase fason sa ap fèt nan Solino, Bèlè, Site Soley, Gran Ravin, Lasalin, Baryèboutèy ?elatriye. Pèp-la pap pote mimi bay makou, pou zòt fè ladènyè sou li. Sonje 29 Novanm 87 nan Riyel Vayan, sonje 11 septann 88 nan Sen Jan Bosco. Sonje?Bay kou bliye, pote mak sonje. ??
Fanmi Lavalas mande pou pèp lan kontinye pi rèd, pi djanm, nan ranfòse mobilizasyon ak rezistans pasifik san pran souf jouk lòd konstitisyonel la tounen, jouk nou remonte drapo diyite pèp-lan.
Nan bon jan mobilizasyon ak resistans pasifik delivrans lan ap rive pi vit. DELIVRANS AK MOBILIZASYON PASIFIK SE SENKANT KOB AK DE GOUDEN .
Komisyon Kominikasyon Fanmi Lavalas
Mèt Angelot Bell
Mesye Mario Dupuy
Doktè Maryse Narcisse