Originally: For my friend Jacques Roche
For my friend Jacques Roche
Ou te yon gwo gason,
Ou te genyen yon vizyon pou Ayiti
Ou te toujou we peyi avan tet ou,
Ou te di non a toute move pwopozysyon
Ou pat jan pe menas, Plim ou te toujou pwop
Ou te ekri kle tankou dlo kok
Ou te trase lign dwat pou pi jenn yo
Ou te kominike kle ak petit noel priye chef de band nan lang franse:
“Tu peux me crever les yeux
Et les tympans
Me couper les bras
Et les jambres
Me laisser nu en pleine rue
Mais tu ne peux tuer mon rêve
Tu ne peux tuer l’espoir”
Ou te kwe nan chanjman pou pep la, lespwa a pap mouri
Ou te toujou sakrifye tet ou pou koz pep la, rev la pap mouri
Ou te yon gason modere avek konviksyon, lespwa a pap mouri
Ou te gade lot la nan je e dil kijan li te trayi koze pep la, rev la pap mouri
Yo fwape ou le w tap pare avni pep la
Yo pran ko a men ou pa mouri
Akoz de w lit la ap rapouswiv pired
Se pat fave, se demokrasi ke ou te vle
Nou dwe pwoteje sa ou kite deye
Pousa nou dwe kreye yon fondasyon nan non w
Fok nou ranmase karakte nou pou jistis simen
Paske se jistis ou tap chache pou pep la
Ke nou ap kriye pou ou zanmi mwen
Nap lapriye pou ou, pou yo byen resevwa w nan syel la
Pandan ke ou sou kote zanj yo, se avek anpil kontantman
Ou pral gade jan kod jistis la pral antre nan tet rasine vyolans la
Mesi pou jan ou te rete yon gason pwop e vanyan
Mesi pou sa ou te ekri pou enspire nou tout
Mesi pou sakrifis sa a
Mesi anpil Jak, wap rete nan ke mwen
Stanley Lucas
Washington D.C. 20 Jiye 2005