Originally: Pa wP, pa tande, pa pale, se pa yon solisyon
Kodinasyon Nasyonal k ap Plade Koz Fanm (KONAP)
Pa wP, pa tande, pa pale, se pa yon solisyon
Yon fwa ankb KONAP ap rele konsyans tout sitwayen, tout sitwayPn kont sitiyasyon chimerik, vyolans, maspinay ak enpinite pouvwa Lavalas la vle gaye nan peyi a. AyP nou te reyini devan PalP Jistis pou pouse rPl endinyasyon nou kont tout lanmo pou granmesi k ap fPt nan peyi a. Devan endinyasyon fanm yo, devan doulP fanmi ak zanmi nan dPy, pouvwa Lavalas voye chimP li yo vin fP menas lanmb ak kadejak epi kalonnen moun ak wbch, mango vPt, boutPy vid, boutPy plen pipi ak lbt dlo ki gen konpozisyon chimik pou boule rad ak po moun.
jodi a, KONAP ap pouse yon lbt rPl kont zak malfPktP ap mache fP sou fanm. 2 novanm 2003 vP 9 vP nan aswP, Carline SeVde, yon jPn fanm 20 tan, sibi kadejak anba yon gang 7 nPg ki te sou lobedyans James Montas, alyas Woudi, yon polisye komisarya Omega,. KadejakP yo te fP anpil lbt vyolans fizik sou li. Mesye yo mare men Carline nan fP yon kabann ak menbt epi yo mete zanm nan zorPy li. Carline te pote plent Lapolis menm lP a. Polisye te ale sou plas kote yo te jwenn kPk kapbt kadezakP yo te itilize epi yo arete prensipal kadejakP a, James Montas.
LP nou konsidere pouvwa Lavalas la deside fP peyi a tounen yon savann, kote tout moun lage nan lib san okenn pwoteksyon, nou gen gwo kP sote pou Lajistis pa lage KadejakP a ki genyen pou parPt nan PakP mPkredi 19 novanm 2003. Sitou lP nou konsidere fanmi James deja kbmanse ap bay manti nan radyo pou dedwane kadejakP a, epi voye chimP fP presyon devan kay Carline.
Wi, nou menm fanm nan KONAP nou gen anpil kP sote devan sitiyasyon n ap viv jounen jodi a. Nou deja konnen, jan sa te deja fPt pandan kou deta 1991 lan, lP yon peyi ap viv gwo represyon jeneralize vyolans sou fanm ogmante, paske tout atoufP gen lisans pou fP tout zak briganday, paske pa gen okenn sistPm jistis k ap vin mete yon ola. Pouvwa Lavalas deja montre kouman li desisde lage peyi a bay yon bann chimP. Pouvwa Lavalas deja montre kijan l ap kontinye peye chimP pou mete baboukPt nan bouch sitwayen ak sitwayPn ki oze deklare, an piblik, yo derefize aksepte sitiyasyon peyi a. Li voye chimP ak Lapolis kraze sit in fanm, manifestatsyon pati politik ak gwoup sosyete sivil ki pa mache kole ak li., li touye epi boule kay popilasyon yo, li arete moun san manda, li kite moun pouri nan prizon. Nou pa ka bliye Judy C. Roi ap kwoupi nan prizon depi 14 jiyP san li pa janm pase devan yon Jij. KONAP kondane tout dPnye zak briganday gouvPnman Lavalas la ap fP kont sitwayen ak sitwayPn k ap eksprime pozisyon yo pasifikman. N ap kontinye mande liberasyon tout moum k ap kwoupi ilegalman nan prizon.
GouvPman Lavalas la montre kouman li deside rete blalwa. Tout gouvPman ki deside fP pratik pouvwa ak abi, tout gouvPman ki deside fP pratik pouvwa ak lafbs ka tonbe nan menm sitiyasyon blalawa sa a!. Nou menm Fanm nan KONAP, nou pap sispann pouse rPl pou nou mande pou politik fPt yon lbt jan: san manti, san vblb, san kbripsyon, san maspinay!.
Nou menm fanm nan KONAP n ap kontiye mande pou tout sitwayen ak sitwayPn ki pa dakb ak jan peyi a ap mache fP tande vwa yo. Nou tout nou konsPne! Nou pa ka kite pouvwa lavalas kontinye pase tout dwa nou anba pye! Pi ta ap pi tris. Si tout sitwayen ak sitwayPn pa leve kanpe pou fP respekte dwa yo, tout lbt gouvPman k ap vini apre Lavalas ap konnen li ka fP menm jan!
Pa wP, pa tande, pa pale, se pa yon solisyon
An nou tout mete men pou yon lbt kalite pouvwa k ap respekte dwa sitwayen ak stwayPn!
Pbtoprens, 18 novanm 2003
Pou KONAP
Myriam Merlet Yolette Mengual Yolette Jeanty Olga Benoit
Enfofanm Fanm Yo La Kay Fanm SOFA