Pòtoprens, jou 24 Oktob 2002.
K.I.D sipòte Josué MERILIEN
Pati Konvansyon Inite Demokratik la (K.I.D) tande rèl Josué MERILIEN
yon sitwayen sendikalis konsekan rejim lavalas la ap pèsekite.
K.I.D mande tout militan konsekan akonpaye Josué MERILIEN nan Pakè
Tribinal Sivil Pòtoprens la, jou lendi 28 oktòb 2002 a dizè nan maten, pou
di lavalas sispann malmennen pitit pèp la.
K.I.D pwofite denonse zak kidnaping ak maspinay Stanley MOREAU, doktè
Rosemond JEAN lavalas mete nan prizon enjisteman poutèt li t’ap defann
sosyetè viktim koperativ yo. K.I.D gen gwo kè sote pou Rosemond JEAN ak
anpil lòt sitwayen k’ap manje prizon enjisteman sou rejim lavalas la.
K.I.D ap kontinye mande lapolis nan ki kachèt yo mete David BARJON ak
Mondésir JEAN-LATOUCHE 2 militan pati a, lapolis arete nan Delma 4, depi
lendi 14 oktob 2002, jiskaprezan fanmi yo pa jwenn tras yo.
K.I.D mande popilasyon an mobilize pou kwape plan makawon Jean
Bertrand ARISTIDE ap aplike nan touye, disparèt nou chak, grenn pa grenn.
KID mande libète san kondisyon pou Rosemend JEAN, pandan l’ap
kontinye pwoteste kont disparisyon Félix BIEN-AIME ak tout lòt pitit pèp la
lavalas elimine lè-l fin itilize.
Peyi Anvan Pouvwa, Pouvwa Pou Sèvi.
K.I.D se Chwal Batay Pèp la.
Evans PAUL
Sekretè Jeneral